|
Depozisyon Nan Komite Dwa Moun Ki Nan NasyonziniDimoman Ameriken yo te vin kite Ayiti nan lane 1935, Trujillo rekòmanse ak politik anti Ayisyen li a ak yon raj. Nan lane 1937, Trujillo te bay lòd pou touye tout Ayisyen yo jwenn deyò plantasyon sik yo. Yo estime ke gen ant 5,000 ak 37,000 ki mouri nan masak sa, men toujou gen diskisyon sou chif sa yo. Trujillo te move anpil paske gouvènman Ayisyen an te kondane masak sa a, kite lakoz yon endiyasyon de kominote entènasyonal la e yo te fòse Trujillo pou li dakò peye $250,000 amand, men li vin pa menm peye $25,000 nan lajan sa. Zanmitay ak gouvènman Ayisyen tounen makawon, li vin tounen yon pwopagan rasis konte tout Ayisyen. Nan medya yo, Trujillo te dekri Ayisyen tankou yo ta vle gate kilti Dominiken nan mès “anti kretyen” yo a. Yo te wè yo tankou ajan “degradasyon biyolojik” popilasyon Dominiken an akoz de koulè po yo. Analiz rasis sa yo soti depi epòk kolonizasyon kote sete esklav Afriken sèlman ki te nan peyi Dayiti, pandan menm epòk sa Dominiken te konsidere tèt yo kòm desandan blan panyòl ki te kolonize yo. Rejim Trujillo entèprete sa tankou yon danje, ki menase pou’l dezekilibre solidarite nasyonal Dominiken an. Kanpay anti Ayisyen an kontinye jiskaske yon gouvènman militè te pran pouvwa e li te vin dakò ak gouvènman Trujillo a. Nan lane 1950 Trujillo te vin pwopriyetè ansyen plantasyon ameriken yo. Kounyè a li bezwen kenbe ak asire posibilite pou’l jwenn travayè pou yon piyay nan peyi Dayiti. Li te vin nan zanmitay ak gouvènman militè a. Nan zanmitay sa, te vinn gen yon kontra ki siyen ant tou lè de peyi yo nan lane 1952, kontra te di pou gouvènman Ayisyen bay travayè agogo, Papa Doc te renouvle kontra sa nan lane 1959. Nan lane 1961 yo te ansasinen Trujillo, men li mouri kite eritaj anti Ayisyen li a. Okontrè li te vin enstitisyonalize nan langaj nasyonalis Dominiken an. Nan lekòl, yo aprann ti moun yo se Trujillo ki sove ladominikani de menas nasyonalis de kilti Ayisyen. Faz sa langaj nasyonal Dominiken an menmen a atitid anti Ayisyen pou nenpòt moun ki sanble ak oubyen ki se Ayisyen yo ye, li eksplike tou atitid toleran Dominiken an sou sistèm abi li mete sou pye pou popilasyon Ayisyen an. Balaguer, prezidan ki pran plas Trujillo, te gen yon bon relyasyon ak rejim represif Duvalier a, e chak lane yo renouvle kontra travayè sa. Kote ak gouvènman Aristide ki te vin apre Duvalier, kote li te monte sou pouvwa nan yon eleksyon demokratik, pa te gen relyasyon di tou, paske Aristide te gen tan kritike tretman Repiblik Dominikèn sou Ayisyen yo. Lè yo te ba Aristide panzou koudeta nan lane 1991, Balaguer pa janm denonse koudeta, e lè Aristide te tounen li te bay tout moun ki te patisipe nan koudeta azil lakay li. << REVÈSBAKON . . . 1, 2 Enfòmasyon sa soti nan liv: Lwen Bate Yo: Imigran Ayisyen nan Repiblik Domikèn, Kowalisyon Nasyonal pou Defann Dwa Ayisyen; Me 1996.
|
|
Home | About NCHR | Privacy Policy | Contact Us ©2002 NCHR -- ALL RIGHTS RESERVED -- Last updated: 01 May 2007 |