Return to the NCHR Homepage

 

Depozisyon Nan Komite Dwa Moun Ki Nan Nasyonzini

1, 2 . . . PWOCHEN >>

An mas 22, 2001, mamb Komite Dwa Moun ki nan Nasyonzini an (KDM) te tande rapò òganizasyon ki pa asosye ak gouvènman de abi otorite Dominiken yo. Yo te resevwa yon rapò de Amnisti Entènasyonal sou kondisyon nan Repiblik Dominikèn ak yon rapò de Klinik Legal Inivèsite Columbia sou gouvènman Dominiken an k’ap toujou vyole lalwa entènasyonal  ki defann diskriminasyon baze sou ras yon moun, lè yo pa kite moun nan ale devan lajistis, ak ekspilsyon anmas. Nan reyinyon sa, yo te montre yon vèsyon de videyo la ki rele “Mass Expulsions of Suspected Haitians by the Dominican Republic: Recent Episodes of a Recurring Practice.” Lè y’ap revize toulède rapò yo ak videyo a, nan denmen te vin gen yon sesyon kote moun te poze ak reponn kesyon ak gouvènman dominiken nan, KDM te evalye kouman gouvènman Domiken nan ap konfòme’l ak Konvansyon Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik.

 

Enfòmasyon Ou Dwe Konnen

Santiman kote yo pa vle wè Ayisyen ki simaye nan Repiblik Dominikèn ba sa k’ap pase kounye a jarèt, kidonk depòtasyon fòse Ayisyen yo ak moun ki desandan Ayisyen oubyen moun ki “sanble” ak Ayisyen, li gen rasin li nan tansyon ki te egziste apre sa ki te pase nan lagè endepandans 19vyèm syèk la. Ayiti te vin premye nasyon endepandan nan Amerik Latinn nan apre esklav yo te revolte kont Fransè yo nan lane 1791. Lidè revolisyon sa, Toussaint L’Ouverture, te travèse ak revolisyon an nan Sen Domeng, kote yo Lespay te fek remèt Lafrans li, kidonk zile a te vin fè yon sèl, kote Ayisyen te sou pouvwa pou yon peryod tou kout. Fransè yo te mete Ayisyen yo deyò nan lane 1805, epi panyòl yo te repran Sen Domeng rive nan lane 1822, se lè sa lame Ayisyen anvayi Sen Domeng epi yo gouvène pou 22 lane.

Sen Domeng te blije envite Lespay pou’l gouvène pou te ka mete Ayisyen yo deyò, lè sa gouvènman panyòl te tabli yon represyon malouk. Nan lane 1865 Ayiti ak Sen Domeng te mete fòs yo ansanm pou yo te ka mete panyòl yo deyò epi pran pouvwa, denye mouvman sa te vin mete toulède gouvènman sa yo kòtakòt, se sa ki vin kreye fwontyè ki la kounye a. Kolaborasyon an te sipèfisyèl, paske Dominiken pa janm fè Ayisyen konfyans, akoz de envazyon ki te fèt yo. Yingyang lan te yon ti jan miyò, nan fen 19vyèm syèk la, men li pa rete pou lontan. Depi jal Trujillo te vin sou pouvwa nan lane 1930, li fabrike yon mouvman anti Ayisyen pou rezon politik.

Pandan premye lagè mondyal, peyi ameriken te devlope mache kann apre pri sik eròp la te monte lesyèl, paske pa’t gen anpil. Pandan tan sa, peyi ameriken te gen yon kontwòl politik ak militè sou Ayiti, li mete Ayisyen nan Repiblik Dominikèn nan yon gwo jefò pou devlope mache sik, pou li te ka desèvi bezwen ki te genyen an Eròp la. Ayisyen te pi pre e li te sou kontwòl ameriken e ankò pi enpòtan yon mache travayè ki pa chè, li te pi bon mache pase travayè ki soti nan zile ki pale angle yo, tankou Zile Vyèj, Jamayik, Zile Turk, ki yo menmen t’ap travay sou plantasyon sik ameriken yo. Se lè sa, kidonk nan lane 1930 jeneral Trujillo te vin yon diktatè nan Repiblik Dominikenn nan, e li te kiltive santiman pou li te “dominikanize” plantasyon sik yo, konsa li degèpi popilasyon Ayisyen ki te tabli andedan ak sou kote chan kann yo. Menm si sa, li te kenbe yon relyasyon alamyab ak Ayiti pou 7 premye ane li monte sou pouvwa, konsa Ayiti pa ka bay azil ba moun ki te kont gouvènman li a. Anmenmtan li ralanti sou koze depòte Ayisyen sou tè Dominiken an, paske li konnen Ameriken pa t’ap janm apwouve de pèdi mache pou piyay sa sou plantasyon yo.

1, 2 . . . PWOCHEN >>

 

RESTAVČK PROJECT
MASS EXPULSIONS AND DEPORTATIONS:
  Overview
  Full Report
  Primiere Screening of Expelled, a documentary
  Expelled: Press Release
IACHR CASE AGAINST THE D.R.
  Backgrounder
  IACHR Decisions
  Dominican Government Formalizes Agreement with IACHR
  Text of Accord - Acta de Entendimiento
RELATED INFORMATION:
  CEJIL: Comunicado de prensa
  Inter-American Commission on Human Rights Report: Situation of Haitian Migrant Workers and Their Families in the Dominican Republic
  Related Links
WHAT YOU CAN DO:
  Lèt model si ou vle ekri preziden ayisyen an oswa preziden dominicain nan
  Presyon pou Chanjman
Depozisyon 
  Sample Letter to President Aristide
  Sample Letter to President Mejía

Home | About NCHR | Privacy Policy | Contact Us

©2002 NCHR -- ALL RIGHTS RESERVED -- Last updated: 01 May 2007