Return to the NCHR Homepage

 

Lèt model si ou vle ekri preziden ayisyen an oswa preziden dominicain nan

Mesye Prezidan Mejia:

Mwen ekri w pou m fè w konnen kouman mwen enkyete de pakèt moun y’ap depòte, sitou moun ki desandan Ayisyen k’ap viv nan Repiblik Dominikani. Jan mwen konprann koze yo, jan  depòtasyon sa yo fèt, li vyole lwa entènasyonal ak lwa Dominiken.

Nan lane ki sot pase yo gen anpil Ayisyen yo depòte, anplis de sa gen dominiken ki desandan Ayisyen ke yo depòte tou. Depòtasyon ki pi resan yo kòmanse depi 1999 apre  Oganizasyon Leta Ameriken (OEA) kritike gouvènman ki te vin anvan ou lan deske li t’ap maltrete Ayisyen k’ap viv sou teritwa Dominiken an. Militè ranmase moun  yo sispèk ki Ayisyen –a koz de koulè po yo, epi yo pa menm konsidere estati imigrasyon moun sa yo- yo fè dapiyanp sou yo- epi yo lage yo pa lòt bò fwontyè ayisyen nan.

Gen de fwa yo arete moun sa yo nan yon seri de kondisyon  yo pa menm gen tan pou yo avèti fanmi yo, alewè pou yo ta pran regle zafè pèsonèl  yo ta  bezwen, tankou asire ke yo gen yon moun ki ka pran swen pitit yo ki fèt sou teritwa dominiken nan, voye yon mo bay patwon yo, likide zafè yo ak lòt obligasyon  yo genyen anvan  yo depòte yo. Paran ki separe de pitit yo ak fanmi yo pa gen mwayen pou yo konnen ki kote moun sa yo ye lè  pwosesis depòtasyon an kòmanse.

Anplis de sa, menm si ke lwa dominiken ak lwa entènasyonal di ke moun ki an depòtasyon gen dwa pou yo ale devan lajistis, yo inyore tout lwa sa yo. Egzamp de lwa Dominiken ak lwa entènasyonal: Lwa Imigrasyon 95 nan di  yo gen yon obligasyon pou yo enfòme etranje  de akizasyon ki pote kont yo, anplis de sa yo dwe gen opòtinite pou yo defann tèt yo. Atik 8 ak 25 de Konvansyon Ameriken sou Dwa Moun (Konvansyon Ameriken) di  aparèy jidisyè a dwe pwoteje yo epi se yon dwa li ye pou moun yo ale devan lajistis; atik 1 ak 24 de Konvansyon Ameriken nan li menm di  pa dwe gen diskriminasyon ak dwe gen pwoteksyon egal-ego. Anplis de sa konstitisyon Dominiken nan (Atik 11), ak Kòd Civil lan (Atik 9) di  tout ti moun ki fèt sou teritwa gen dwa  gen sitwayente Dominiken, atik 20 de Konvansyon Ameriken nan di menm koze a. Yo pa respekte yon nan dwa sa yo nan kondisyon ke y’ap depòte moun yo sispèk ki Ayisyen. Okontrè pa gen okenn prèv ki di ke sitwayen ki soti nan lòt peyi sibo menm tretman sa yo.

Se avèk ijans  m‘ap mande’w pou’w konsidere opsyon sa yo:

Gouvènman Dominiken nan dwe  kòmanse respekte lwa nasyonal li yo ak onètete e pou li ta jis regadan depòtasyon moun ki desandan Ayisyen, epi pou li amelyore pratik sa yo ak nòm lwa entènasyonal ak Konvansyon Ameriken sou Dwa Moun - ke Replibik Domiken fè pati – preskri.

Gouvènman Dominiken nan dwe fasilite yon dyalog politik ki fè sans ak gouvènman Ayisyen nan sou koze depòtasyon sa yo, ak yon vizyon pou jwenn yon solisyon pèmanan sou kriz dwa moun ak migrasyon an.

Ak tout Respè,

 

 

 

Mesye Prezidan Aristide:

Mwen ekri’w pou’m eksprime enkyetid mwen de mizè anpil Ayisyen ak Dominiken ki desandan Ayisyen, kote tout tan y’ap depòte yo sou kou e abitrè de Repiblik Dominikèn.

Kòm ou konnen, depi 1999, gen yon seri de depòtasyon k’ap fèt sou kou ak abitrè---- ki kòmanse depi sou presidans Hernandez e k’ap kontinye sou prezidans presidans Mejia. Depòtasyon sa yo fèt kont lwa Dominiken ak lwa entènasyonal, kote gouvènman pran abitid ranmase ak arete epi depòte moun ke yo sispè ki Ayisyen. Kote yo separe manman epi papa ak pitit yo, epi yo detwi fanmi akoz de netwayaj rasyal sa a. Nou estime yo depòte 12,000 moun nan mwa mas ki sòt pase la.

Mwen aplodi’w deske’w te konn denonse tretman travayè Ayisyen sa yo te konn pran nan men gouvènman dominiken an. Mwen sèten yon dyalog ak yon akò ant tout de gouvènman yo dwe rive pi lwen, kote yo pèmèt travayè Ayisyen deplase pou yo travay nan sektè ki manke moun nan chan kann Dominiken ak pou pou rapatriyasyon de Ayisyen ki pa gen papye.

Menm si ke’m remake Ayiti ap travèse yon kriz politik lakay li, mwen ta sijere pou’w bay koze sila yon priyorite, mwen pa doute si sa ap mete remete enèji peyi a sou yon ton pwodiktif. Espesyalman gouvènman Ayiti dwe kontinye ak doub debat politik ak Repiblik Dominikèn ak yon bi pou fòje yon ajenda pou yon dyalog sou tretman imigran Ayisyen, ajenda ap gen ladan l:

Ankouraje gouvènman dominiken an pou li respekte lwa pa’l yo ak lwa entènasyonal ki ekri nan Konvansyon Ameriken sou Dwa Moun, kote li se yon manb. Lwa sa yo defann depòtasyon moun san yo pa bay yo chans pou defann tèt yo nan tribinal ak depòtasyon anmas kelkeswa sikonstans lan.

Ensiste pou yo mete sou pye yon sistèm pou respè lwa sa yo. Yon nan posibilite yo se pou bay yon komite bilateral sou koze Ayisyen/Dominiken plis jarèt, komite teknik entè-enstitisyonèl Ayisyen/Dominiken sou koze fwontyè ak migrasyon. Yo ka ba komite sa jarèt pou li ka vin yon gwoup ki la anpèmanas e ki reyini detanzantan epi ba li pouvwa pou li ka voye je sou pwosesis migrasyon an. Komite sa dwe gen otorite pou li rapòte ak bay rekòmandasyon ba toulède peyi yo sou fason y’ap ranje koze yo pou respekte e kouman yo ka amelyore fason toulede peyi yo respekte dakò bilateral la, ansanm ak lwa nasyonal e lwa entènasyonal yo.

Ak tout Respè,

 

Choute Yo Deyò

Y’ap mete desandan Ayisyen deyò nan Repiblik Dominikèn

Depòtasyon Ilegal * Mete Presyon pou Chanjman * Enfòmasyon ou Dwe Konnen

Depòtasyon Ilegal

Gen preske 10 lane, gouvènman Dominken mete yon pakèt Ayisyen ak desandan Ayisyen ki fèt an Domikani deyò chak ane. Chif sa ogmante nan mwa ki sòt pase la yo, kidonk nan mwa mas ki sòt pase la gouvènman Dominiken an ekspilse 12,000 moun pou Ayiti.* Men kouman yo pwosede pou yo fè ekspilsyon an: militè yo oubyen sèvis imigrasyon  mete sou pye yon “operasyon”, kote yo kouri lavil la nan machinn, arete nenpòt moun ki “sispèk”. “Sispèk” la se yon etikèt yo bay fanm a gason nwa daprè koulè po yo. Yo kenbe nan prizon moun yo arete yo kenbe yo pou yon tan, ki varye de kelke zè jis kek jou, anpil fwa yo kenbe moun sa yo nan move kondisyon. Apre sa, yo mete “sispèk”  yo nan yon kamyon epi yo travèse yo lòtbò fwontyè a – yo pa kite yo wè avoka, ni yo pa ba yo yon mwayen pou yo ale devan jij. Yo vize yo pou koulè po yo sèlman, yo dechouke moun sa yo de kay yo, ak lavi yo te gen tan tabli pou tèt yo. Anpil ladan yo pa  menm kapab avèti pitit yo ki fèt nan peyi a, oubyen chef yo, menm pa yon chans pou likide zafè pèsonèl yo anvan yo depòte yo – nan yon peyi yo pa konn pèsonn oubyen yo pa gen fanmi.

Depòtasyon kolektif sa yo kontinye malgre lalwa Dominiken an ki di yon etranje ki an depòtasyon gen dwa pou li defann tèt li devan lajistis.  Egzanp, lalwa imigrasyon 95 di yo dwe enfòme etranje de akizasyon ki sou do yo a, epi yo gen dwa gen yon òpòtinite pou yo defann tèt yo.  Konstitisyon Dominiken an (Art. 11) ak Kòd Sivil lan (Art. 9) di nenpòt moun ki fèt sou teritwa a gen dwa a sitwayente. Men yo pa respekte okenn nan lwa sa yo nan ka moun yo “sispèk” ki Ayiyen. Ki pizè pa gen okenn prèv ki montre yo trete imigran ki soti nan lòt peyi fason yo trete Ayisyen yo.

Chapit modèn nan pwoblèm ki p’ap janm fini sa a, kòmanse nan lane 1991. Gouvènman Dominiken an òganize depòtasyon Ayisyen anmas k’ap travay nan chan kann, kantite moun yo depòte yo rive nan dè milye. Yo kenbe konpa sa pandan 10 lane ki sot pase la, men jan yo fè depòtasyon yo ak rapidite fè yo ogmante pandan sèten peyod. Pa egzanp, pandan eleksyon prezidansyèl 1996 la, Komisyon Entè-Ameriken sou Dwa Moun resevwa yon pakèt plent kote otorite Dominiken òganize yon seri de dapiyanp, detwi kat idantifikasyon ak dokiman travayè Ayisyen ak travayè Dominiken ki desandan Ayisyen. Anmenmtan fason y’ap depòte ak mete Ayisyen sa yo deyò abitrè. Se yon politik yo mete sou pye pou yo ka voye gouvènman Dominiken an monte peyi a, nan menm ribrik la, yo tou anpeche sitwayen sa yo vote. Nou kapab dokimante yon pakèt sitiyasyon ki repete detanzantan. Pandan lane 1997 lan, daprè yon rapò mondyal ki soti nan oganizasyon Human Rights Watch, gouvènman dominiken an depòte 21,000 Ayisyen. Anplis de sa, se tout tan l’ap “vyole dwa konstitisyonèl sitwayèn ki pale sou ti moun ki fèt nan Repiblik Dominikèn” de paran Ayisyen. Nan mwa novanm 1999 ak mwa avril 2000 gen depòtasyon anmas ak ekspilsyon fè dè milye viktim.

Depi eleksyon dawout 2000 la, nouvo gouvènman Dominiken an, sou Presidan Hipolito Mejia Dominguez, malgre yo di lekontrè, sitiyasyon nan Repiblik Dominikèn an ak abitid gouvènman Dominiken an pa janm chanje; verite a sè chif moun y’ap depòte ak arete yo ogmante. Daprè estatistik ofisyèl moun gouvènman Dominiken an depòte, ki toujou gen tandans pi ba pase chif tout bon, yo te depòte 12,559 Ayisyen nan lane 2000. Nan tout moun sa yo, yo te depòte 6,000 nan de premye mwa depi nouvo gouvènman an monte.  Sak pi rèd anko, te gen 3,000 nan premye 15 jou yo. Chif yo kapab pi wo pase sa, men gouvènman Dominiken an gen abitid pou li rapòte chif ki pi piti pase moun li depòte vre. Nan 10 lane ki sot pase yo, estimasyon ki pa ofisyèl moun gouvènman Dominiken an depòte anmas nan yon lane rive jiska 30,000, malgre dizon gouvènman ki te la anvan li depòte anmwayen 770 pa mwa. Kelkeswa chif moun yo depòte a, depòtasyon abitrè ak anmas sa yo ilegal, daprè lalwa Dominiken ak lalwa entènasyonal.

Lè y’ap kontinye “operasyon sa yo” gouvènman Dominiken an montre li pa chanje abitid li yo nan okenn fason ki siyifyan.  Sitiyasyon Ayisyen ak Dominiken ki desandan Ayisyen nan Repiblik Dominikèn sou gouvènman tou nèf la pa gen okenn lespwa. Desandan Ayisyen viv nan yon etènèl laperèz  de arestasyon ak depòtasyon; paske yo ka fè dapiyamp sou yo a nenpòt lè, dechouke yo de fanmi yo, de lavi yo, de travay yo ak de tout bagay ke yo konnen. Nan espas de yon second akoz de yon desizyon prese prese de yon militè oubyen yon ofisyèl gouvènman, yo ka dechouke lavi yon moun – epi tout fanmi’l tou, pou letènite.

Translated by R. Aubourg

 

RESTAVÈK PROJECT
MASS EXPULSIONS AND DEPORTATIONS:
  Overview
  Full Report
  Primiere Screening of Expelled, a documentary
  Expelled: Press Release
IACHR CASE AGAINST THE D.R.
  Backgrounder
  IACHR Decisions
  Dominican Government Formalizes Agreement with IACHR
  Text of Accord - Acta de Entendimiento
RELATED INFORMATION:
  CEJIL: Comunicado de prensa
  Inter-American Commission on Human Rights Report: Situation of Haitian Migrant Workers and Their Families in the Dominican Republic
  Related Links
WHAT YOU CAN DO:
Lèt model si ou vle ekri preziden ayisyen an oswa preziden dominicain nan
  Presyon pou Chanjman
  Depozisyon
  Sample Letter to President Aristide
  Sample Letter to President Mejía

Home | About NCHR | Privacy Policy | Contact Us

©2002 NCHR -- ALL RIGHTS RESERVED -- Last updated: 01 May 2007